Kongo Lazil O (Kanw Pran Ou Konnen) [Kanaval 2020]-Ram

Genre-Kanaval
Year-2020
Kongo Lazil O
Ewa grangou manke touye mwen (x2)
Mwen fè 1 an 6 mwa sou lanmè
M’pa bwè, m’pa manje
Kongo Lazil O
Ewa grangou manke touye mwen

Adan Iwòz O
Pale la rèn pou mwen (x2)
Adan Iwòz ale nan ginen
Boa kouri dèyè mwen (x2)
Adan Iwòz O
Pale la rèn pou mwen
Men boa kouri dèyè mwen

Yo vini gade’m pou y’ale pale
Kongo men yo
Piga lang yo (x2)
O O piga lang yo (x2)

Ati Danje Boloko
Sa’k pa wè, Ayiti malad o (x2)
M’pral nan Gran Bwa,
M’pral chache kolye vèvè
M’sot nan ginen
Sot chache kolye vèvè
Sa’k pa wè, Ayiti malad o (x2)

Ti Lolito k’ap kamonfle moun (x2)
Nan lari a gen pwoblèm
Anndan kay la sa pi rèd O
Kan’w pran’w konnen
Awoyo bobo benezwèl! (x2)